Contáctenos Quiénes somos
Noticias |

Sa fè 11 lane, e se te yon jou madi tou 12 janvye 2010 la te tonbe, depi lè Goudougoudou 7,3 dechennen an te devaste Ayiti. Jodi a, n ap komemore anivèsè katastwòf sa a ki chanje vizay peyi a nèt depi lè a, epi n ap onore memwa plis pase 200 mil moun ki te pèdi lavi yo jou sa a. Pami moun ki te mouri yo, te gen 102 anplwaye Nasyonzini, ki te nan pye travay yo. 300 mil moun apeprè te blese, 1, 5 milyon lòt te bije al pran refij lòt kote ; nou retire chapo nou devan yo tou, pou kouray yo ak pou jan yo te kenbe tenn fas devan kalamite yo.

Jodi a kote yon pandemi san pitye blayi sou lemond enpi afekte peyi Dayiti, mete sou sitiyasyon ze fele ki bay kè sote peyi Dayiti ap viv li menm nan moman sa a, nou pa p rann omaj sèlman, komemorasyon jounen dèy sa a dwe pouse nou tout reflechi epi fè nou devlope plis tolerans, plis konpreyansyon, ak tèt ansanm nan enterè peyi sa a nou tout renmen anpil la.

Se pou sa Nasyonzini, non sèlman temwaye solidarite l ak fanmi anplwaye ki mouri yo, men reyafime menm angajman l pran depi tout tan,

pou l soutni Pèp Ayisyen an ak enstitisyon yo, pou rèv yo genyen pou peyi a ka rive reyalize.