Contáctenos Quiénes somos
Deportes | Por Redacción Espacinsular

Gras ak viktwa 4 a 1 sou ekip Bèmid lan, Seleksyon nasyonal la kalifye pou patisipe nan faz final Gold Cup la. Gras ak 3 gòl Frantzy Pierrot make nan premye mitan epi yon gòl sou penalite pa Duckens Nazon, grenadye yo kalifye pou ale patisipe nan edisyon Gold Cup la.

 

Yon match byen metrize, ekip ayisyèn lan pa t gen twòp difikilte pou ranpòte match sila, malgre rediksyon eskò ekip Bèmid lan. Gras ak Viktwa sa, ekip ayisyèn lan ap gen pou jwe premye match li dimanch kont ekip amerikèn lan ki se favori pou ranpòte konpetisyon sa.

Grenadye yo gen pou jwe tou nan gwoup yo a ak ekip Kanada a ki sot elimine nou dènyeman la nan faz eliminatwa pou mondyal 2022 nan peyi Kata.

Dènye patisipasyon ekip ayisyèn nan anndan yon Gold Cup, li te arive jis nan demi final an 2019 apre bèl viktwa l sou Kostarika, Kanada epi pèdi nan pwolongasyon kont Meksik.

Byen avan match Bèmid lan, Ayiti te jwe ak Sen Vensan, li te bat li 6-1.

https://www.juno7.ht/seleksyon-nasyonal-la-jwenn-kalifikasyon-gold-cup-la/