Contáctenos Quiénes somos
Migración | Fuente Externa

Depatman Sekirite Enteryè (DHS) deja ap mete sou pye yon nouvo estrateji, yon estrateji ki konplè, k ap pèmèt li fè fas ak ogmantasyon kantite migran ki nan sektè Del Rio, nan sid Texas. Estrateji sa a gen sis eleman enpòtan ladan l.

Premyèman, nan espas 24 èdtan ak 48 èdtan k ap vini yo, Sèvis Ladwàn ak Pwoteksyon Fwontyè Etazini (USCBP) ap gentan voye 400 ajan ak ofisye nan sektè Del Rio a pou yo ka kontwole zòn nan pi byen. Si sa nesesè pou yo voye plis ajan ak ofisye, y ap fè sa. Kote pou w pase pou w antre nan Del Rio a fèmen pou yon ti tan e yo devye sikilasyon an, fè l soti Del Rio pou ale Eagle Pass. Sa pèmèt yo jere resous yo pi byen e sa pèmèt komès ak vwayaj kontinye fèt.

Dezyèmman, Patwouy Fwontalyè (USBP) ap planifye ansanm ak Sèvis Imigrasyon ak Ladwàn (ICE) ansanm ak Gadkòt ameriken pou fè moun yo kite Del Rio pou y al nan lòt espas. Yè, sa te fèt pou anviwon 2000 moun. Objektif la se pou yo ka arete migran ki ilegal yo byen vit, trete ka yo epi fè yo kite Etazini yon fason ki konfòm ak lwa nou, ak règleman nou.

Twazyèmman, nan 72 èdtan k ap vini yo, DHS pral ogmante kantite transpò k ap fèt yo pou l pèmèt moun yo ale pi vit e pou l ogmante kapasite vòl ki prale Ayiti yo e ki prale nan lòt peyi nan emisfè a.

Katriyèmman, Administrasyon an ap travay ak peyi ki nan rejyon an, swa kote moun yo soti swa kote yo te fè tranzit, pou peyi sa yo ka asepte resevwa moun ki te abite lakay yo.

Senkyèmman, DHS ap pran mezi ki ijan nan domèn imanitè, ansanm ak lòt patenè nan nivo federal, nan nivo eta yo ak nan nivo lokal, pou diminye kantite moun ki la yo e pou amelyore kondisyon lavi migran yo ki sou tèritwa ameriken an. DHS deja pran plizyè mezi pou garanti sekirite moun yo pandan y ap tann yo trete dosye yo. Pa egzanp, Patwouy Fwontalyè gen yon ekip teknisyen medikal pou ijans ki sou plas e k ap bay dlo, sèvyèt ak twalèt pòtatif.

Finalman, Mezon Blanch mande kèk ajans ki konsène pou yo travay ak gouvènman ayisyen an ansanm ak lòt gouvènman ki nan rejyon an pou yo bay moun yo èd ak sipò y ap bezwen lè yo retounen lakay yo.

Yo kontinye voye pifò migran yo tounen sou baz otorite Tit 42 CDC a. Si genyen moun yo pa ka voye tounen sou baz Tit 42 a, e moun sa yo pa gen yon baz legal pou yo rete nan peyi a, y ap enskri yo nan pwosesis pou voye yo tounen byen rapid. Regilyèman, DHS òganize vwayaj pou mennen moun tounen nan peyi Ayiti, Meksik, Ekwatè ak peyi ki nan Triyang Nò a.

Anplis sis etap nou pale de yo pi wo a, Administrasyon Biden nan di yon lòt fwa ankò fwontyè nou yo pa louvri. E moun yo pa ta dwe fè yon vwayaj ki chaje danje konsa. Moun ki vini yo ansanm ak fanmi ap fè fas ak kontwòl k ap fèt sou fwontyè a, e sa ka fè yo voye yo tounen. Migrasyon ilegal reprezante yon menas enpòtan ni pou sante ak byennèt kominote yo k ap viv sou fwontyè a, ni pou lavi migran yo menm. E pèsonn pa ta dwe pran chans sa a.

Nan dat 18 septanm 2021

https://ht.usembassy.gov/fr/dhs-outlines-strategy-to-address-increase-in-migrants-in-del-rio-fr/