Contáctenos Quiénes somos
Cultura y sociedad | Por Wooldy Edson Louidor, profesor e investigador del Instituto Pensar de la Pontificia Universidad Javeriana

Ou vide san

 

Ou souse san

 

Ou bwè san

 

Ou manje boul san

 

Ou fè dlo kouri nan je nou tankou de rann san

 

Ou mande n pou n aksepte gade san nou ki ap koule

 

San frè n ak sè n ki ap gaspiye tankou kochon y ap tiye

 

San jenès la ki bouke

 

San jèn fi y ap fè rive jouk nan emowaji anba vyòl delenkan malsite

 

San entelektyèl onèt ak konsekan y ap gaspiye

 

San jij ak avoka ki konpetan epi ki pa tchoul y ap sakrifiye

 

Ou fè Konstisyon peyi a tounen papye twalèt

 

Ou fè plim kèk entelektyèl tounen bayonèt

 

Ou fè tout sitwayen yo ki aletranje pa kab dòmi devan malè sa a ki pandye sou tèt

 

Ou fè menm zwazo ale kouri kache nan nich yo : yo pa vle chante, bagay yo twò lèd, lèd nèt

 

Ou fè solèy la klere tou nwa, san li pa ka sòti ak payèt

 

Ou fè lalin nan rete kache dèyè nwaj yo paske li di Abrahamdisètase

 

Ou fè lanmè a gade tout salte andedan l, epi remanje malpwòpte paske nan zile a gen twòp salte

 

Ou fè yon pèp ap respire laperèz, danse ak lanmò l anbabwa l, pèdi sa li te rete kòm diyite  

 

Ou fè yon dat istorik tounen yon wont nasyonal : nou ap gade kouman diktati retounen tèt kale

 

Ou pa wè ni douvan ni dèyè

 

Ou pa konn konte ni mwa, ni lane, sèlman ou konn konte gwo biyè

 

Agiman ou tèt anba, yo sanble ak gwo kout zèklè

 

Ou  pa tande, ou pa wè

 

Ou avèg, ou soud, ou bèbè

 

Lè ou ap pale, ou tankou lamayòt ki vle fè moun pè

 

Jouk kilè minòt sa a ap lage nou?

 

Kòd sal sa a ap sòti nan kou nou ?

 

Baboukèt sa a ap sòti nan bouch nou ?

 

Dan sa a ak grif sa a ap sòti nan kou nou ?

 

Pawòt dwat e gòch sa yo ap sispann fè kenken nan zòrèy nou ?

 

San nou ap sispann koule nan labou?

 

Ti zile sa a ap jwenn yon ti souf, epi lapè ap tounen nan lakou ?

 

Jouk kilè ? Fout tonnè.

 

Jouk kilè ? Tonnè.

 

Jouk kilè ?

 

Wooldy Edson Louidor, 7 fevriye 2021

 

Crédito Foto: CLACSO

 

Enlace: https://www.clacso.org/comunicado-ante-la-situacion-de-haiti/