Contáctenos Quiénes somos
De la frontera | José Luis Soto

Nou menm ouvriye, ouvriyèz k ap travay anndan pak endistriyèl yo espesyalman nan CODEVI ki se Compagnie de Developpement Industriel, nou gen dwa pou mete tèt nou ansanm pou nou defann dwa nou ak enterè nou. Men sanble Codevi li menm, li pa wè l konsa.

  N ap denonse yon dènye vyolasyon n ap sibi anndan pak Codevi, kote Kòdonatè Adjwen

Sendika nou an, ki rele Fanfan Rony jwenn revokasyon li nan fen semenn lan paske l ap defann dwa ak

enterè ouvriye/ouvriyèz yo selon kòd travay la ak nan konvansyon kolektif la ki te siyen ant CODEVI ak

SOKOWA (Sendika Ouvriye Codevi Wanament).

 

Se konsa, nan vandredi kite 6 fevriye 2015 lan vè 4h pm, Victor Ismir Thomas ki se

Administratè CODEVI rele Fanfan Rony nan biwo li. Lè Fanfan Rony rive nan biwo Administratè a li

jwenn Jeran Administratè a ki se Cristian Capellan ak Wang Vargas, Jeran izin OM la, yo tout te nan

biwo a pou fè Fanfan Rony konnen konpayi a kase kontra travay li.

 

Yon minit pa t ko pase, plis pase yon

douzèn ajan sekirite ayisyen kou dominiken anvayi Fanfan Rony nan biwo a pou fè presyon ak zam epi

rale zam sou li pou pran badj li nan kou l pou mete l deyò. Pandan Fanfan Rony t ap pran gwo presyon

sa a, Kòdonatè Jeneral la, Lucny Toussaint vin ap pase epi wè tout moun sa yo nan biwo a fas a Fanfan

Rony, li mande poukisa. Yo di li konpayi a pran desizyon pou li pa travay avèl ankò, yo di li pou li

remèt badj. E si li pa remèt badj la y’ap pase alaksyon. Devan sitiyasyon sa a, Luckny Toussaint,

Kòdonatè Jeneral la mande li remèt badj la epi li remèt li. Aprè sa tout ajan sekirite ki te antoure l yo

mete l deyò nan biwo a.

 

N ap denonse kalite revokasyon abitrè ak abizif sa a ki fèt sou kanmarad nou an. Fanfan

Rony se manb komite direksyon SOKOWA, yon sendika ki gen 11 zan ekzistans nan peyi a epi ki siyen

konvansyon kolektif ak Codevi. Se ki vle di te gen posibilite yon lòt apwoch ki baze sou respè ki dwe

genyen ant sendika ak patwona nan relasyon travay. Nou te toujou ap mennen batay pou CODEVI

respekte sa lalwa di, pou li pa pase dwa ouvriye yo anba pye l. Jodia, li vle kraze komite ekzektif

sendika a yon lòt fwa tankou li te fè l an 2010.

 

Nou menm nou di : fwa sa a, sa pap pase konsa! Nou

mande REYENTEGRASYON kanmarad nou Fanfan Rony prese prese. Codevi dwe respekte libète

sendikal la, Codevi dwe respekte sa li siyen nan konvansyon kolektif la kote manb komite yo gen 48

èdtan pou yo mennen aktivite sendikal yo. Epi konvansyon OIT 87 la di okenn patron pa gen dwa

revoke yon manb direksyon sendika san li pa komèt yon fot grav. Sa manb direksyon sendika a ap pase

jodya, se yon enjerans nan zafè sendika a, pou kokobe l epi rann li initil pou mas ouvriye/ouvriyèz yo

nan Codevi. Se poutèt sa, n ap mande :

 

IYE CODEVI WANAMENT

 SOKOWA

 Zòn franch CODEVI Wanament, 3606 9539 4318 2864 Esta dirección de correo electrónico está siendo protegida contra los robots de spam. Necesita tener JavaScript habilitado para poder verlo..

 ./.

1) Reyentegrasyon Fanfan Rony touswit pou li reprann travay li kòmsadwa. Revokasyon li se

yon desizyon abitrè ak abizif direksyon Codevi a pran kont li.

2) Pou minis Afè sosyal ak Travay voye yon delegasyon enspektè onèt pou vini nan CODEVI

pou envèstige sou kalite revokasyon ki fèt la, eske Fanfan Rony, manb komite egzekitif

sendika a byen revoke selon lalwa.

 

3) Pou leta ayisyen pran responsabilite l nan fè Codevi respekte Kòd travay ayisyen an tout bon

vre, paske nou bezwen travay se vre men fòk yo respekte dwa nou.

4) Pou Medyatris Travay ki nan Komisyon Hope la vini rankontre ak nou pou nou jwenn yon

antant sou koze rapo sendika nou an ak Codevi. Gen lontan n ap mande entèvansyon biwo

medyatris la pou règ jwèt yo fikse klèman, men sa pa janm fèt. Fòk sa fèt prese prese.

5) Pou tout sendika onivo nasyonal kou nasyonal k ap lite pou libète sendikal la pa bafwe

sipòte nou nan lit sa a pou kanmarad nou Fanfan Rony rejwenn travay li touswit.

Pou Komite Ekzekitif SOKOWA,

 Lucny Toussaint

Lucny TOUSSSAINT

Kòdonatè Jene