Contáctenos Quiénes somos
Noticias |

Fanmi Lavalas koube l byen ba devan kouraj ak diyite pèp ayisyen ki reyisi fè machin enfènal koudeta elektoral la ralanti.

Bravo pou viktwa sa a! Nou pa janm sispann mobilize e montre angajman n pou yon vre demokrasi nan peyi a, se sa ki fè yon lòt fwa ankò, apre yo fin echwe 27 desanm ak 17 janvye, majòjon koudeta elektoral la, Konsey Elektoral Pwoviswa a/pouvwa tèt kale ak kominote entènasyional-Kore Gwoup fè bak sou 24 janvye 2016. 

Viv pèp ayisyen an! Nou se yon gran pèp.

Nou pa obeyi. Nou pa obeyi moun ki pa respekte nou Fanmi Lavalas ap prezante senpati li bay tout viktim yo, fanmi ak zanmi yo.

Men batay la pa fini. Koudeta elektoral la pa kanpe. Nan moman an, se menm koudeta a kap pran yon lòt fòm. Konplotè yo ap eseye kontinye yon dezièm tou ak kandida seleksyone aloske rapò Komisyon prezidansyèl evalyasyon elektoral montre aklè frod masiv ak iregilarite grav. Se menm frod masiv sa yo, Fanmi Lavalas te denonse apre vizit li te fè nan Sant Tabilasyon 21 ak 22 novanm 2015. 

Pèp ayisyen rejete tout klasman tèt chat KEP Opon/Mateli a; li di pa ka gen kontinyasyon pwosesis elektoral la san pa gen rezilta.

Se pou tèt sa, Fanmi Lavalas ap kontinye mande yon komisyon endepandan verifikasyon ki pou bay pèp ayisyen an verite sou rezilta jounen vòt 25 oktob la e pèmet kontinyasyon pwosesis elektoral la. Fòmasyon komisyon sa a, manda l ak kalandriye travay li dwe etabli an konsètasyon ak tout sektè opozisyon an. Fanmi Lavalas mande ranvwa konsey elektoral Opon an.

Fanmi Lavalas ap chita prese prese ak pati, òganizasyon politik, e tout lòt sektè konsène nan peyi a pou pote yon repons ak kriz politik sa a, e pare kontinyasyon pwosesis elektoral la pou Ayiti jwenn yon gouvènman lejitim kap travay pou leve eskanp figi pèp la pou li rejwenn souvrènte l ak diyite l

Fanmi Lavalas deklare fòk mobilizasyon pa kanpe paske machin koudeta a poko kanpe: chak katye, chak zòn, chak depatman pran reskonsabilite w. Fanmi Lavalas ap kontinye kore tout mobilizasyon nan tout peyi a.