Contáctenos Quiénes somos
Noticias |

29 fevrye 2004, 29 fevrye 2016: douz (12) zan depi koudeta/kidnaping kont Prezidan Jean Bertrand Aristide; 29 Fevriye 2004 raple n ki jan sektè ki toujou kont enterè nasyonal la te konplote pou anpeche Bisantenè Endepandans nou fete nan ladyite, ki jan yo te mete ansanm ak kolon pou eseye antere rèv demokrasi tout yon pèp; jou 29 Fevriye 2004 la sete pòt prizon, pòt ekzil ki te louvri pou anpil militan; jou sa a raple n asasinay plizyè milye manb ak patizan Fanmi Lavalas. You ti kanpe souple nan memwa tout viktim yo. 

 29 fevrye 2004, 29 fevrye 2016: douz (12) zan deyò! 12 zan depi pèp la ap sibi konsekans koudeta 29 fevriye a, bagay yo vin pi mal nan peyi a. Depi lè sa a, pèp la pa janm sispann resiste. Bravo pou kouraj nou.

Si Jodi a, gen grangou, mizè, chomaj sa a, se konsekans koudeta a. Sitirasyon an vin agrave pi plis sou pouvwa tèt kale a. Aloske ke yo ta dwe mande pèp la padon, jodi a tèt kale ak GNBis yo vin pi arogan e yo ta vle kontinye koudeta elektoral la. Viktim pa ka pase pou bouro.
Pèp la di li pap obeyi.

Nou pap obeyi a moun ki vle kontinye fè krim elektoral, Nou pap obeyi a moun ki vle kontinye fè krim elkonomik, Nou pap obeyi a moun ki pa respekte pèp ayisyen, Nou pap obeyi oken n moun ki konpran n li ta ka vin fè apre tèt kale se tèt kale. 
Mobilizasyon pa dwe kanpe: GNBIs ak tèt kale vle fèmen pèp la deyò. Mobilizasyon nan tout katye pou nal fè rezilta verifikasyon elektoral la parèt aklè. Nou pap pèdi rezilta vòt nou. 
Mobilizasyon, Mobilizasyon, Mobilizasyon!