Contáctenos Quiénes somos
Salud |

Pou kontribye nan rediksyon enpak COVID-19 la sou fanmi ki gen aksè limite a sèvis de baz nan kominote Ti-Goâve ak Gran-Goâve nan Ayiti, Mouvman Sosyo-kiltirèl Travayè Ayisyen yo, Inc. (MOSCTHA), avèk finansman AECID ak FARMAMUNDI, nan kad inisyativ pwojè imanitè ak sante yo, ap egzekite pwojè: "Entèvansyon milti-peyi pou preparasyon, prevansyon ak repons a pandemi COVID 19 nan Ayiti ", nan kad pwojè sila yo prevwa aksyon prevantif nan kominote ki afekte yo avèk mesaj ki mete aksan sou enpòtans ijyèn pèsonèl ak lave men.

Anplis de sa, gras a pwojè sa a, yo pral bay 2.900 twous ijyèn ak prevansyon (jèl anti-bakteri, mask ki kapab itilize ankò, gan an latèks, papye twalèt, napkins, kapòt), ak 30 twous sekirite ak pwoteksyon pou pwomotè yo ( linèt pwoteksyon, bòt pwoteksyon, gan an latèks, savon likid pou men, jèl anti-bakteri, mask ki kapab itilize ankò). Twous sa yo pral genyen tou materyèl edikatif sou prevansyon COVID-19.

Aksyon sa yo fè pati efò ke enstitisyon sa yo fè ansanm pou sipòte ijans COVID-19 la, pou kontribye pou redwi jan pandemi an ap pwopaje epi bese enpak li lakòz sou fanmi yo, nan Ayiti, menm jan ak nan lòt peyi yo.

Mouvman Sosyo-Kiltirèl Travayè Ayisyen, Inc. (MOSCTHA), se yon òganizasyon ki pa travay pou benefis pal, ki gen misyon pou amelyore kalite lavi ak respè pou dwa moun nan popilasyon ayisyen an ak imigran ayisyen e fanmi yo, ak lòt moun pòv yo, atravè aplikasyon pwogram ak pwojè devlopman kominotè.